Kijan pou fè yon lèt pou mande padon epi jwenn saw bezwen an?

Siw fè mennaj oubyen mariw yon bagay,li pa pale afèw ou ta renmen rekonsilye atik sa ap itil ou anpil
Kòm se ou ki pral ekri lèt ou,men kòman pouw kòmansel

 

1.Validasyon pwoblèm nan:nan sans sa bat pouw mete pwoblèm ki fèn fache sou yon tap poun ka tretel,chache rezon an,montre moun nan ou metew nan plas li,ou wè sak fèt la te mal ke ou vle chanje sa epi ap fè anpil efò pou sa pa repete.

 

2.Mandel padon ak anpil ekplikasyon:nan lèt la fòw mande padon,yon padon ak anpil ekplikasyon gen anpil efektiv,si se jalouzi kite pousew fè saw fè a ou ka dil sa ak tout kèw dil wap fè efò pou sa pa repete ankò,se pa padon wap mande sèlman wap dil tou ke relasyon ou te gen anvan afektew jiskapresan se sak fè ou paka kontwolew,pa janm bliye di poukisa ou te fè sa ou fè a.

 

 

3.Pwopozisyon:nou pral mete men ansanm pou tout bagay mache byen,tout erè dwe al nan penitansye,sitou siw te konn sak te pase a byen fè efò poul pa repete,si se pou benyen 100 fwa pou efase pwoblèm nan.

 

 

4.Toujou sonje bon moman nou te pase:fèw ekri bagay pou sansibilize moun pou mal la pa swiv li,yon egzanp dil ou sonje lèw tap bo avèl bò lanme a,dil nou pa rèt konbyen jou nou rete poun viv,dil ou sonje li pa janm kitew dòmi nan nwit.

 

Lè wap fè yon lèt bat pouw ekri sak pi enpòtan yo