Poukisa moun ki renmen vre yo pa rezime lanmou yo nan rezo sosyal?

Se vre rezo sosyal la bon poun kominike ak fanmi,zanmi ki lwen poun pataje jwa nou ak yo Sepandan se pa tout bagay wap fè ou dwe mete sou li.Lè nap pale de vi yon koup sa vin pi enpòtan toujou,rezon an senp se pa nan rezo sosyal pou tout moun ap konnen kew renmen mariw siw pat renmenl kòmanw tap fè avèl menm jan ak nenpòt kalite pwoblèm nou te ka genyen nan relasyon an pa pibliyel se plis pwoblèm wap vin genyen.

 

Men kèk rezon ki gen derye sa:

Si w kontan ak patnè ou,ou prezan pou li:Ou pap janm gen tan pouw nan fè foto mete sou rezo sosyal,siveye chak kòmantè moun fè,se pa fè pouw pa fèl men ou pa dwe pase tout tanw ap fè foto mete sou rezo sosyal li vin pran plas travay ou,tout bagay gen yon limit.

 

Kenbe pwoblèm pèsonèl yo privye:Nenpòt gwose pwoblèm ou te ka genyen pa metel sou rezo sosyal rad sal lave nan fanmi

 

Ou pa dwe fè moun wè anyen:Pa itilize youn lòt pou felisitasyon tankou,nou merite ansanm,gad jan nou bèl
nou la jodia se paske nou renmen se sa ki pi enpòtan pa kouri derye felisitasyon.Pi bon moman yo se viv yo men san kamera,ou pa bezwen fè foto pou sa wap viv la se jis lap rete nan kèw pou lavi yon bon moman pa janm detwi.

 

 

Nou vle diw ke li pa bon pouw mete tout bon moman ou pase ak mariw sou rezo sosyal,ou ka chwazi pateje kèk men epa tout fwa se viw tou moun ap kontwòle le wap fè sa,moun pa bezwen konnen ou gen yon prens nan menw,saw santi,sa wap viv nan relasyonw.

 

Viv viw natirèl epi rete ak bon moman yo nan fon kèw,fen an se pou ou sèlman lap ye pa chache felisitasyon pouw ka santiw kontan sa pap vini an.