Yon bon relasyon avèk bèlmè posib

Jan yap kouri bri sou bèlmè yo pafwa se plis sak negativ yo yap di,poun diw verite se pa tout fwa bagay yon bon men tout bagay paka mal jan yap dil la.

 

Bèlmè yo se reprezante yon poto mitan nan vi yon koup,sa vin yon rezon poun chache konnen kòman poun viv ak yo,kwe nou siw vle sa ap pote plis fwi touujou nan relasyonw ak mariw men fè tout bagay ak limit yo
Nap pataje kèk konsèy avèw ki ka ede relasyon ou ak bèlmè w la
ke pouw ap chache se li ki pou renmenw

 

Anvan nenpòt bagay montrel santiman ou genyen pou li,sa pa fè anyen siw chita bò kotel,penyenl,bay ti blag avèl,fè efò pouw konpreyansif

 

 

Montrel sanw ale avèl menm siw wèl se yon moun ki difisil,bay tout ou menm pouw parèt janti,kouw aji byen konsa mariw ap wè ou fè anpil bagay poun ka gen yon bon relasyon.

 

Toujou kenbe edikasyon ou nan nenpòt nivo diskisyon ou ta genyen avèl la,pa chache defann ou se pa paske ou egare non men se yon politik wap menen.

 

Pa janm pran chans al kritikel ak mariw oubyen yon moun deyò,ni kritike mariw devanl,pigaw janm beze nivèl ou ba konsa.

 

Gade bon bagay li fè yo sèlman,felisitel,fèl santil byen bat pouw genyen konfyans li ke pouw ap chache diskisyon paske yo toujou di pitit gason se pitit manman se yon gwo kou pou li lè timoun nan ale ak yon lòt moun li santil vid sa vin fè,lap fè de seri de reyaksyon ki pa bon,lè konsa fòw sou menw,pouw metew pi entelijan ke li montrew pa konprann anyen.

Pa fè konpetisyon avèl,diw pi bèl ke li oubyen pi fre kitel nan espas li.

 

Chache pale avèl,mandel sal renmen,sal pa renmen,ki feblès li,pa bliye se yon moun menm jan avèw li ye istwa li yo ka positiv pou ou.

 

Pafwa bal kado li pa oblije yon gwo jis yon bagay ou konnenl renmen achtel pou li,pa antre nan relasyon pitit ak
manman sa pa vle di ou paka mete limit nan visit yo men fè tout bagay ou ak entelijans,pigaw mete tèt ou nan sitiyasyon ou paka jere.