5 Fason pou w kenbe bote w

Pou w kenbe bote w.Ou ka briye nan fason pa w sa pa vle di gaspiye anpil lajan.Sèlman ou bezwen konn chwazi ak pran konsèy.

 

1. Pa pèdi tan w nan achte plizyè krèm jis sèvi ak krèm idratan kap fè po w bèl ak soup.

 

2. Itilize krèm solèy lè w ap sòti lajounen,krèm avwàn se yon bon pwodwi idratan.

 

3. Lave figi w plis ke 2 fwa nan jounen an se yon fason pou w pwoteje kò w,pa itilize sèvyèt sal.

 

 

4. Lave bwòs tèt ou sil sal lè w ap penyen salte ap tonbe sou kò w.

 

5. Li bon pou w chanje bagay makiyaj ou yo chak tan.

 

Nou espere ti konsèy sa yo itil ou.