Poukisa gen fi ki pa renmen marye?

Chak moun gen pwòp lide yo sou safè maryaj la men gen moun ki pa janm reve marye ni panse ak sa,nou panse gen lòt bagay ki gen plis valè nan vi moun nan ke maryaj la,ki fèl pa janm bay sa enpòtans.
Men kèk bagay ki ka lakòz

 

Yon vi endepadan
Pou anpil fi selibatè se yon bagay natirèl ki pa gen pri se tankou yon trezò.Menm jan gason an al travay la fi a tou al travay,pase tan ak fanmi,zanmi,netwaye kay.Pandan sa fi selibatè plis ap panse ak yon vi pesonèl san chaj anpil fi pa pè pran responsabilite konsa tou gen anpil lè yo santi yon sèl li pi bon pou yo,yo san presyon mari.
Briye nan karyè

 

Ki moun ki di gen gason achitèk sèlman,enjenyè sa se yon bagay lontan paske nan tan kounyea nou jwenn fi etidye tout bagay pafwa moun nan konn plis enterese ak travay lap fè a,li vin pa konsantre sou fè fanmi.

 

 

Objektif la se pa marye

 

Gen anpil fi ki renmen viv vi yo pou kò yo,soti,voyaje,al nan fèt,sa pa vle di se yon vi lib lap mennen jis se konsa li santil byen.

 

San obligasyon

Konsa tou gen anpil fi ki renmen sòti ak moun men yo pa janm vle antre an yon relasyon serye,yo toujou vle lib pou nenpòt bagay oswa pou yo toujou ap sòti san moun pa anpeche yo,yo tèlman bezwen lib menm ak yon ti chat yo pa annafè.

 

Nou dwe respekte moun nan lè nou wèl konsa paske chak moun fè sa yo renmen,nou paka kritike fòn aprann sipòte chak moun nan fason yo.