5 benefis pou gen bon jan

Ou se yon moun ki gen bon jan?moun toujou sonje w paske ou konn kijan pouw jwenn bò pozitif nan yo,bon jan se pa yon bagay tout moun ka genyen sitou nan tan sa kote goumen,joure,tripotay se yo nap viv chak jou,lè yon moun gen bon jan li vin yon moun espesyal kote tout moun ap mande nan ki mond lap viv.Se yon bagay nòmal pou yon moun dekouraje,men li pa dwe pesimis.

 

1.Gen yon tanperaman rilask
Estrès la chak jou,responsabilite nan travay,fanmi,zanmi,nan kay,timoun tout bagay sa yo nan kèk okasyon yo fè n neve,nou pa konn sa poun fè,men siw gen bon jan sa ap ede w,bagay ki chaj pou nou yo,pi souvan nou ka jere yo,men piske ou pa rilask ak tèt ou li vin parèt konplike,plis nou pozitif sa ap anpeche nou bloke tèt nou.

 

2.Se yon fason pou atire lòt moun
Pa janm gen yon moun negatif kap rale moun sou li,tout moun ki renmen fè moun ri,respekte tèt yo,pozitif se yo ki toujou gen plis moun sou yo,paske lòt moun yo santi lè yo bò moun sa yo jwen lapè,jwa,yo santi ak moun sa yo pral viv yon bèl ekperyans.

 

 

3.Amelyore memwa pou lontan
Bon jan makonnen ak mesaj enstriksyon ki vin ran moun nan ap pale plis lè lap bay yon diskou plis moun vle tandel epi li gen plis pawòl ki monte nan tèt li.

 

4. Li ede nou gen pi bon sante
Sak fè sa paske chak tan nou ri misk yo detann epi presyon an diminye,li bon pou moun ki soufri kè,eseye rilask pouw ka souri lavi a fèt ak tout pwoblèm li ou paka chanje sa.

 

5. Li ede nou vin ak lajwa
Lè yon moun gen bon jan,li viv nan lavi a plis pozitif ke negatif,sa ogmante detèminasyon yo,epi rivalize pwoblèm nan,moun sa yo aprann nan moman negatif.