Kèk melanj ou ka fè

Nou pa fin konnen si melanj yo ap fè tout moun byen men yo gou anpil
eskew janm manje salad zaboka ak tomat?

Engredyan

3 gwo tomat
1 zaboka sa depan de gwosè yo
1kiyè lwil oliv
yon ti sèl

Preparasyon

koupe tomat yo kare
fann zaboka an 4 bò apre koupel kare oubyen janw vlel la
melanje yo ansanm apre mete ti sèl,sitwon,lwil oliv
nou ka manjel ak nenpòt bagay tankou poul ak bannan fri,diri

43a28e709ac811e391fae0db5512b209

 

Leti+tomat+ze+zonyon+kawòt

Engredyan

1 tèt leti
2 tomat
1 zonyon wouj
1 kawòt

Preparasyon

lave leti a byen lave apre rachel,koupe tomat la,rache kawòt la ak zonyon an byen fen,koupe ze a an 4 mozo apre melanje tout ansanm mete yon ti sèl ak 2 kiyè lwil oliv.

 

 

Vyann bèf ak bwokoli

Engredyan

1kilo vyann bèf
3 tèt bwokoli
Preparasyon
chode bwokoli a,apre fè yon bon sòs vyann lè vyann nan preske kwit mete bwokoli a ladanl pou 3 minit pa kite bwokoli a kraze.

 

 

Poul ak mayi

Engredyan

1/2 kilo poul
1 ti bwat mayi

Preparasyon

Ou prepare sòs la menm janw konn fèl la,sèl sa lèl preske bon wap ouvè bwat mayi a,koulè dlo ki ladan epi metel nan sòs la apre 3 minit ou desan li ou ka mete kèk ti bout kawòt ladan tou siw vle.

 

Nou sere rès resèt yo pou yon lòt jou nou kitew ak sa yo pouw al eseye.