Kijan pouw respekte tèt ou?

Si se vre ou vle respekte tèt ou,fòw fè efò pouw moun,ou te toujou reve ye a,fè kèk bagay pouw ka kontan ak tèt ou,epi fè mond lan respektew.

1.Adopte yon bon atitid
Aprann konn tèt ou,plis ou konn tèt ou plis wap respekte w,epi kwè nan ou.Dekouvri prensip,pèsonalite,ak talanw sispan gade sou moun,aprann konn pwop tèt ou,fè yon lis bagay sa yo,moun,santiman ak aktivite enpòtan pouw ka frekante.

2.Aprann konn tèt ou
Li enpòtan pou fè yon ti refleksyon sou janw ye,pou w ka konnen fòs ak feblès ou,se konsa wa va eksploze saw genyen ki bon epi wap aprann travay pou amelyore lòt kalite w pa genyen.

3.Aksepte w janw ye a
Aprann santi w byen ak tèt ou,renmen ak aksepte tèt janw ye a,epi ou dwe fyè de ou san w pa konpare tèt ou ak lòt moun.

4.Ou dwe moun ou ye a
Menm siw fè anpil efò ou pap janm satisfè tout moun,lèw fin konn tèt ou wap wè janw bon,wap kap pran dezisyon kap fèw byen,sanw pa bezwen konnen si lap fè moun plezi.

5.Aksepte kritik yo ak anpil sajès
Moun yo vle kritike tout sa yo pa konpran oubyen ki pa nan gou yo,lèw jwenn yon kritik evite defann ou,tande sa moun nan gen pou diw la anplis si se bon kritik pran sak bon pou ou ladan,si se kritik negatif ak destriktif jete yo epi swiv chemen w.

6.Aprann di non
Nan lavi pral gen okazyon moun pral mandew sèvis,oswa pou w patisipe nan yon bagay,men sa pa vle di wap dakò ak tout sa yap mandew yo,men kòm ou paka di non ou oblije di wi kont ou.Nan ka sa,li enpòtan pouw ta di”non”san w pa gen remò,paske se dwa pouw di non oubyen wi.

Pa bay moun kenbe kontantman w,pouw respekte tèt ou fòk ou aprann fè tèt ou plezi,konsa wa pataje jwa sa ke wap chache a,pa tann yon moun ki pou potel nan viw.