Remèd natirèl pou tous

Tous se fanson kò a libere sibstans sa yo epi netwaye pasaj la.men yon tous kwonik se siy yon maladi grav,tous komen an se yon bagay evanstyel ki pap dire.Anpil moun depi yo santi yo pral gripe oubyen gripe ale nan famasi pou achte yon remed pou soulaje yo ak grip la gen plizye kalite remed ou ka fe lakay ou pou evite gaspiye kob sa.
Men lis sak pi efikas yo:

Myel
Gen prèv syantifik ki montre siwo myèl efikas nan tretman tous ak gòj fè mal.Melanje siwo myèl,lwil kokoye ak ji sitwon.

 

Yon beny cho
Vape gendwa pi gwo enmi tous,men pi bon alye,li travay nan debouje nen ak goj,amelyore lem nan goj ak poumon(si yon moun soufri opresyon vape a ka ogmante tous la nan ka sa remed la pa bon pou moun ki soufri opresyon.

 

Te ten
Nan peyi Almay,ten se yon remed kont tous,enfeksyon respiratwa ak bwonch,ti fey sa gen yon pouvwa ki kalme tous epi ki rilask misk nan goj la,li redwi enflamasyon.Mete 2 kiye te ten nan yon tas dlo cho kite bouyi pandan 10 minit apre sa mete myel ak sitwon.

 

 

Bwe anpil likid
Bwe anpil likid,li te met te oubyen dlo,lap bon pou soulaje tous la,lap ede w debarase flem yo epi kenbe menbran nan imid sak fe tous la redwi.

 

Souse yon sitwon
Remed komen sa efikas anpil,pran yon bout sitwon mete sel epi souse l

Jenjanm

Li gen anpil pwopriyete depi nan tan lontan yap itilize l pou fe remed,ou ka fe yon te ak twa tas dlo kitel bouyi pou 20 minit apre mete yon kiye myel ak sitwon,koutel sil two pike mete ti dlo.

 

tea+as+medicine