10 konsèy pou laviw ka ranpli

Pafwa ou santi lavi w vid,men anpil nan fwa sa yo,eske se pa ou ki mete tèt ou nan pwoblèm sa
Men kijan pouw mennen yon vi ranpil

1.Ou dwe yon moun ki kirye
Fòme kiryozite w,chache saw renmen epi atire atansyon sou yo espesyalman bagay ki bon

2.Eseye amelyore chak jou
Inkòpore yon nouvo abitid chak jou,janti ak lòt moun yo,jere soufrans yo yon lot jan,respekte obligasyon ou yo nan bon fason.Lavi se yon defi,se yon karyè inivèsite,sèlman moun ki pèsevere kap jwenn rekonpanse ak kè kontan.

3.Kwè nan tèt ou
Chèche kotew gen fòs epi ranmase yo chak jou,lè wap fè fas ak lòt moun.

 

4.Apresye epi valorize tout ti detay ki nan vi a
Bwose dan w,dejene,al travay,fè yon ti mache,pase tan ak pitit ou,Kreye bèl ti moman nan jou a.

5.Fè ekonomi
Lèw touche,anvanw peye nenpòt bagay la peye tèt ou anvan sere 10% nan lajan an

6.Nan sakrifis gen kè kontan
Apre yon jounen travay oubyen ane,saw pral rekolte yo pral fè w kontan pou anpil tan

7.Pa janm minimize tèt ou,ni kite moun fèl
Pa gen moun ki pi enpòtan ke yon lòt,siw gen pwoblèm pouw kwè nan tèt ou ebyen pansew pi siperyè ke lòt yo konsa wap gen chans kwè nan tèt ou.

 

8.Toujou mete fanmi w an premye
Gen moun ki pa bay fanmi yo enpòtans,men si se pat paranw ou pa tap la gen yon bagay moun yo manke konprann

9.Fòw pa yon tripotay
Okipew de afè paw,bay moun yon lòt chans pou yo viv janl vle,pito w edel ke wap kritike

10.Solidarite
Pa viv pou tèt ou sèlman,men chaje viv ak moun ki bò kotew yo