Jan yo netwaye lestomak

Jan nou diw la yon moun bezwen netwaye letomak li pou anpil rezon depi gerizon yon ilsè ak anpil lòt bagay ankò,Men anvan tout bagay fòk ou toujou konsilte yon Medsen anvan nenpòt sa pou fè a.

Dijèsyon nou yo twò lou pou jan lavi nou ye ak depresyon,kòlè,batay,tout sa yo jwe yon wòl enpòtan nan endijesyon ki kreye maladi,se poutèt sa li enpotan poun fè yon netwayaj poun ka redwi risk sa a.

 

Etap pou netwaye letomak la

1.Bwè ji chou blan,li ede geri maladi ilsè nan lestomak.Bwè 2 vè ji chou blan yon fwa nan jounen an ak lestomak ou vid.

2.kalme enflamasyon nan lestomak,fason pou prepare resèt sa,bouyi 1/2 tas diri kri nan 6 vè dlo ak dife ba jiska 1 èdtan,san sèl ak lwil epi manje l.

3.Bwè te,li bon anpil pou lestomak,youn nan te ki pwisan anpil pou letomak la se jenjanm,ou ka bwè yon ve de fwa nan jounen an,te manzana,fèy Franbwaz wouj,te vèt bon anpil li ede fonn grès ki kole nan lestomak la.

4.Bwe ji zoranj anvanw manje se yon bon benefis,salad fwi sanw pa fè ji ak li,apre pa mande anyen jiskaske de edtan

5.Manje tankou grenn sereyal,siwo myèl,fig,zaboka,fwomaj ak yogout ede ranfòse larim nan lestomak la.

6.Youn nan fason ou ka gen yon dijesyon pou retire poupou pi vit,se kite entesten an pwòp,manje likid ak fwi pandan tout jounen an.Metòd saa gen anpil benefis gerizon nan vant.

7.Vejetal frikase tankou epina,seleri,pòmdetè,patat,leti yo benefis anpil,yo pote yon bon repo pou lestomak la

8.Fè yon netwayaj nourisan epi

Fè yon sèmen ak manje likid,soup,konsa lestomak la pap gen poul dijere,konsa li pap sekrete ji gastrik,sa ap diminye sentòm ak malèz lestomak la ap pran yon gwo repo.

8.Yon lòt solisyon pou soulaje letomak la ankò se bwè yon kiye bikabonak nan yon ve dlo anvanw manje