Tretman pou fè pye mou

Anpil sandal ak soulye koz pye yo soufri chak mouvman moun nan fè,se prensipal kòz ki fè talon ak dwèt pye a vin
Gen anpil tretman pwofesyonèl yo itilise pou fè pye a moun,men jodia nou vle pataje ak ou yon tretman natirèl ou ka fè lakay ou se yogout ak vinèg.

 

Benefis yogout pou pye

Li gen yon nivo konsantrasyon wo nan asid laktik.Konpoze sa a kontwole pH natirèl pye a,li gzèse yon efè eksfolyan ki fasilite eliminasyon selil ki mouri yo.Li gen vitamin kap idrate po a padan lap rekipere.Li gen pwopriyete gerizon,antioksidan ak emolyan ki pou ede amelyore pye a chak jou.

Benefis vinèg pou pye

Vinèg pòm se yon pwodwi ki plis itilize pou tretman pwoblèm nan pye,gras ak asid aseptik li yoli ede zòn ki di nan pye a vin mou epi anpeche mikwòb parèt,konpoze li yo antre fasil nan po a,li retire salte ki akimile an sifas epi regilye pH pou kontwole sechrès.

Anplis li kreye yon baryè pwoteksyon kont mikwòb,li anpeche kèk enfeksyon ak odè dezagreyab.Gras ak pouvwa antibyotik li yo,se yon solisyon efikas pou pwoteje pye fann oswa blesi sou po.

 

 

Kijan yo prepare tretman sa?

Engredyan

1/2 tas yogout natirèl
1/2 tas vinèg pòm

Preparasyon

Mete yogout la nan yon veso epi melanje vineg la ak li,asire w melanje lan byen fèt

Kijan pou itilizel?

Chak swa anvan wal dòmi,byen lave pye yo ak savon ki pa santi bon,apre mete pase tretman nan zòn ki afekte yo kite pou 30 minit,apre mete nan dlo tyèd pou 20 minit,apre foubi pye yo ak yon wouch pou ka konplete sa remèd la sòt fè
a,retire selil ki mouri yo,rense pye a epi seche l pouw ka jwenn bon rezilta fòk ou fèl chak swa.