10 rezon ki ka fè yon moun pa fidèl

Lè nap gade,nou wè gason yo pi ekspoze nan kesyon enfidelite paske yo toujou ak chache kite tras yo men depi fi a gentan gen yon pitit oubyen li gen yon moun li renmen anpil,li fè anpil efò poul pa chache lòt moun ni pran pawòl nan men moun.

 

Nan sans sa fi a gen mwens tandans poul kite kay li,li rete nan twoul poul ka pwoteje ak pran swen fanmil
Poukisa gen moun ki pa fidèl?

 

Men kòz ki pi komen yo:

 

Gen moun ki pè pwoblèm,gen anpil moun yo te mèt renmen moun nan men depi yon pwoblèm parèt yo pa rete,ke pou yo chache solisyon ak moun nan yo prefere al chache lòt moun pou yo pran plezi.

 

Gen moun ki fè sa paskel santil fatige ak jan de vi lap mennen an,pa bliye tout bagay se kominikasyon siw te di wi pou bon move tan fòw chache rezoud sa tou swit pa kouri pou anyen,chache yon lòt jan pouw kenbe relasyon an.

 

 

San kontwòl seksyèl,Gen moun ki paka kontwole anvi yo,yo vle kouche ak nenpòt moun ki parèt anfas yo,sa vin fèl tounen yon moun ki enfidèl.

 

Neglije,konsa tou se pa tout fi ki bay mari yo atansyon li merite epi rezilta pouse nèg la nan bwa yon lòt,pafwa se pa sal vle men lap chache yon refij.

 

Konpatib,apre 10 lane maryaj se lè sa moun nan wè se pat moun nan sa,pa gen anyen youn di ki bon pou lòt vin manke chimi nan mitan relasyon an.

 

Renmen,pafwa youn nan moun yo konn renmen yon lòt moun san ke li pa ran kont,sa vin afekte relasyon an anpil jiskaske vin gen yon lòt moun nan mitan.

 

Divòs,gen moun ki pa renmen divòse,yo prefere ap twonpe madanm yo ankachèt.Se pa tout moun ki gen kè poul kite madanm li,li prefere mennen 2 vi san okenn moun pa konnen

 

 

Egoyis,gen moun ki fè sa se pou egoyis,poul ka wè li pran preske tout medam yo oubyen gason,lè sa li santil wa oubyen rèn.

 

Vanjans,pa janm bat pouw tire revanj ou pa kon sa kap tan ou pi devan kite Bondye aji pouw,pa eseye twonpe tèt ou pou anyen,lèw fè sa e tèt ou wap fè mal paske moun ki avèw la fèw konfyans.

 

Adiksyon,anpil moun adikte ak sèks,yo paka viv san li menm si mandanm oubyen mari yo fè yon jou deyò,yo gentan al chache yon zanmi sèks.

 

Pwoblèm laj,tant moun yo ap rantre nan laj se lè sa yap wè lòt moun,lòt moun nan te mèt pa nan laj yo men se li yo wè,epi madam yo te gentan granmoun pou yo.