Renouvle maryaj ou

Yon dezyèm selebrasyon maryaj kote wap akonpanye ak zanmi,fanmi,frè,neve ak pitit pitit,yon lòt fwa ankò yon koup damou pral di wi pou lavi,yon lanmou men se pa nenpòt kalite lanmou,sepa tout moun ki fè maryaj sa yo.
kijan pouw oganizel?

Chache yon kote pou seremoni an:Ki seremoni ou ta renmen? yon bagay entim oubyen yon gran fèt,ou ka retounen kotew te marye a oubyen restoran nou tou de renmen an.

òganize:Pa bliye ke maryaj se pa yon bagay lòm kreye,se yon enstitisyon Bondye kreye,li konstwi ak pi gwo ekpresyon lanmou gason ak fi a.Ou dwe fè yon seremoni espirityèl nenpòt ki kalite relijyonw ta ye,oubyen kwayans ou,kiltive Lespri Sen ansanm ak mariw.

 

 

Bag maryaj:Se yon bagay senp,li vle di angajman pa alyans ki pa gen fen,siw renouvle maryaj ou sa vle di ou renouvle relasyon pou viv ansanm ankò se poutèt sa,ou dwe voye al poli bag yo ankò,soufle lò sou yo,fè yo vin klere tankou sete premye fwa.

Envite tout fanmiw:Apre 10,20,30 lane maryaj,nenpòt ki valè fanmiw ta grandi,envite tout nèt,kèk ladan yo ka menm bay temwanyaj sou ou nan maryaj la.

 

Ekri yon diskou:Yon pawòl pouw pataje ak moun yo nan seremoni an pouw pale yo sou maryaj la,bon moman sa a ki pat tèlman fasil men ou rive kenbe jiskaske ou ka fete jodia.

Renouvle pwomès lanmouw:Fè yon pale sou tout bon moman sa yo,ou te viv avèl,pwomèt li plis bagay toujou