Laperèz fi genyen nan moman pou yo angaje ak yon moun

Kisa w dwe detekte a lè?konsa enkyetid,pè,dout,mefyans ka disparèt nèt.Sak pi enpotan se lanmou se lanmou se rive fonde yon fanmi pouw ka ere.

Li pi komen pouw jwenn kèk gason ki pa vle marye,pou yo pa angaje yo sèlman ak yon fi oubyen pèdi libète gason pou yo fè sa yo vle,jounen jodia medam yo pe kompwomèt yo,pou yo ka plis endepandan.

Anpil fi ap sere pè yo,menm si yo renmen yo moun anpil,yo prefere viv lib ak li ke pou yo angaje.Gen anpil laperèz ke medam yo eksperimante,menm si yo ta pran yon desizyon pou marye ak tout gen anpil lanmou,toujou gen dout ak ensekirite sou kijan moun sa pral ye demen.

Laperèz nan moman angajman

1. Pèdi rèv yo
Gen anpil objetif ak rèv pou moun reyalize nan vi sa,lè medam yo angaje ak yon moun,yo pè pou rèv yo pa reyalize,anpil ladan yo pèdi konfyans ke nèg la pral ankouraje yo nan sa yo bezwen reyalize a pou yo ka rive nan objetif yo.

Li enpòtan pou pa gen,si depi nan renmen ou pale moun nan sou pwoje ak objetif ou,nou rete kwè lap apiye w nan tout bagay positif kap bon pou ou.

2. Desepsyon
Preske tout fi pè afwonte yon enfidelite yon moun yo renmen,sa se manke sekirite ak konfyans nan pwòp tèt moun sa,si yon moun travay byen depi nan kòmansman relasyon lan sou konfyans nan pwòp tèt li,lap difisil poul panse patnè l la pral twonpel.

 

 

3. Pè trete tankou manman
Anpil gason kòz yo manke matirite,yo panse marye se gen yon fi pou lave,fè manje,ba yo manje, pitit,ranje kay.Sa se yon pè medam yo gade sekrè,pa gen fi kita renmen yo trete tankou eklav,nou pa bezwen diw pou yo ta konpare yo tankou bèlmè.

4. Gason irèsponsab
Anpil fwa lanmou fè fi avèg,anpil nan yo rete kwè ak lanmou,timoun yo gen pou moun nan sifi pou konprann li pou tout rès vil,pa bliye yon timoun pa janm mare yon gason,Medam yo pè pou gason an pa iresponsab nan tout bagay ekonomik kou emosyonèl,pafwa piske se gason an kap pòt manje nan kay epi yo kite timoun yo sou kont manman sèlman,li enpòtan pou fè yon bon seleksyon ak moun wap pran angajman an.