Lide pou jwi yon vakans an fanmi

Nou pral diw kijan pouw planifye pouw ka toujou gen sou aktivite ak yo

 

Pwogram chak semèn

 

Fè yon lis nan sa poun fè nan semen nan konsa nou pap rate youn,se pa sèlman voye timoun yo nan gan yo bezwen presans paran yo tou lè vakans,fè aktivite ki pap pran plis ke Twa èdtan.

 

Al bwè krèm lide a se fè yon bagay nou pa fè fasil pou tout moun renmen l
Planen ansanm
Ale nan pak
Pase yon bon ti tan lèl aswè sou balkon ansanm
Vizite mize
Al nan zoo

 

 

Plan chak mwa

 

Gen lòt bagay pou nou mete nan lis la,li te mèt yon fwa nan mwa tankou:
Ale nan yon pwovens ki pa twò lwen,konsa wa mete yo an kontak ak sa yo pat konen
Ale nan mòn,manje manje boukannen,benyen nan larivyè,fè balansin nan mitan de pye bwa
Pase nwit nan tant,pisin,pase nwit ansanm ap gade lalin

 

 

Vwayaj

Gen anpil kote pou nou ale ak fanmi nou sitou nan tan sa gen touris lokal,anbyans lan kòmanse anvan sòti prepare vwayaj la ak fanmiw:
Chwazi destinasyon:plaj,mòn oswa pak.Si nou bezwen repoze yon kote nan lanati se yon bon opsyon
Prepare vwayaj la ansanm,chache gid touristik sou entènèt,enprime map zòn nan,fè yon lis de sa nap bezwen. Yon amizman pou tout moun.

 

Kreye aktivite pou timoun yo,yon fwa nou kote a,chache kreye aktivite pou timoun yo pa distrè nan telefòn ak tablèt,kòm lap fè cho anpil yo gendwa pa vle kite dlo a,aprann yo naje,peche elatriye.