Pran zwen zong ou

zong se youn nan pati nan kò a ki visib anpil men pi souvan moun yo plis pran zwen men yo ke zong yo sa depan tou koman chak vi moun ye ,fòn pa bliye tou zong nou ka rache li ka bann gwo doulè paske gen anpil sansiblite nan pati sa.

men kèk ti konsye nou pote pouw ki ka fèw pran zwen zong ou lakay ou sanw pa bezwen ale nan salon.

 

1.li enpòtan menm yon fwa nan semèn nan pouw ta netwaye zong ou ,retire kitèks pa kite zong ou lèd ak yon kitèks,limen yo.

 

fingernails-259976__340

 

2.li bon anpil pouw nouri zong yo se poutèt sa ou dwè bwè 2 lit dlo chak jou pou zong ou ka ansante,ou ka fè yon mask lwil oliv idratan yon 1 fwa nan semèn nan,kitel fè 10 minit sou zong lan apre sa lave menw avèk savonw konn sèvi,lèw fini pase krèm idratan.

 

4.lèw ap met kitèks bat pouw toujou mete yon kitèks transparan anvan sou zong lan poul ka parèt pi bèl lap fèl pa pèdi fòs tou.

nail-varnish-883074__340

 

5.ou dwe itilize pwodwi ki bon pa rete ap achte sak ba pri,ki ka vin fèw malad nan zong,retire kitèks ak asetòn idratan oubyen sak bay fòs.

se ti konsèy sa nou te pote pou ou jodi a nou espere yo itil ou pa neglije fè yo.