Enpòtans kalsyòm pou kò a

Kalsyòm se mineral ki plis abondan nan kò a,epi li esansyèl pou nitrisyon ak sante jeneral pou kò a,li gen 2% pwa kò a ak kontribye anpil fonksyon.kalsyòm enpòtan anpil pou kò a ,nou pral rakonte w kèk kiryozite ,99% kalsyòm yo kenbe zo ak dan fò, pou sipòte estrikti ak fonksyon eskèlèt la.Rès klasyom nan ko a jwe yon wòl siyal pou selil yo,nan kontraksyon misk,koyagilasyon ak ak fonksyon nè yo.

 

Nan kategori sa a,lèt ak pwodwi letye, jo ze, byenke yo gen plis kalsyòm,sa pi enpòtan,nou ka pran l nan vyann,pwason,sadin,klasyòm nan enpòtan ansanm ak vitamin D,pou kò a ka absòbe jan l dwe ye se pratike egzesis ki bon pou sante zo yo

 

plate-2982743_960_720

 

Si gen yon mank kalsyòm li ka parèt nan dan ak jansiv la,zong sek,kwanp nan misk,kolestewòl,menm pwoblèm nan ren.

 

Konsa tou ka gen yon eksè kalsyom nan oganis lan,li pa komen menm jan ak manke kalsyom,men li manifeste nan pwoblèm ren,kè,dijestif.Manje ki gen laksyom yo se:epina bouyi,zanmanm,somon se yon lòt bagay anko ki gen anpil kalsyòm.

 

Yon mank kalsyom ka bay maladi osteyopowoz ak doulè jwenti.