Eskew pran swen soulye ou yo?

Youn nan bagay ki pi presye pou yon fanm se soulye,yo renmen yo anpil,jodia nan fanm kreyòl nap baw yon ti detay kòman pouw kenbe yo pwòp pou anpil tan.

 

Swen basik pou soulye:
Kenbe soulye w nan bon eta gen anpil enpòtans se pa pou pretans ou sèlman,men pouw kenbe soulye yo pwòp tou.
Netwayaj:Sa pral depan ki kalite soulye ou genyen,li enpòtan pouw konn ak kisa pouw netwaye soulyew se pa tout ki pran dlo si non li ka gate,gen pwodwi ki fèt pou chak kalite soulye oubyen pou nenpòt sak tonbe sou soulye a li ka retirel se poutèt sa wap bezwen konnen materyèl soulyew la pouw pa gatel.

 

unnamed-17-300x198

 

Pa itilize yo chak jou:Sa senp anpil se nòmal si wap mete menm soulye a lap fini,lap vin gen sant,siw gen lòt soulye li tap pi bon pouw mete yo tou,sa konn rive gen yon moun ki gen yon soulye li renmen anpil kòz sa li metel chak jou men li pa janm rann kont si se fini lap fini pi vit.

 

Chanje Semèl yo:Siw santi soulye a pa menm jan ankò lè wap mache avèl,gade pouw wè si se pa nan semèl la paske tout sa se zwen soulye a wap pran pa kitel fini,po a gendwa bon epi anba ap fini wap jis ranplasel pa mande si se li ou mete chak jou semèl la ap fini pi rapid.

 

c4962666d6deb4a0fbe948749df14545-512x480

Evite yo defòme:Pou evite soulye yo defòme pigaw mouye yo,pa mete klowòks nan dlo wap lave yo a,epa tout soulye ki pran fab tou.

Nenpòt soulye li ye a,sil ta rive mouye,mete papye jounal ladan poul ka bwè dlo a pa itilize menm soulye a chak jou.
Chak tanw pran yon ti tan pouw netwaye soulye se plis tan lap fèw.