7 erè ou ta dwe evite,si w vle reyalize objektif ou

Siw nan wout objektif la,ou pa rann kont de faktè sa yo,sa ka fè ou pa rive kotew te vle a oubyen ou rete nan wout.
Poukisa ou ta dwe evite faktè sa yo? pouw ka amelyore chans ou,epi bay 100% de ou.

1.Rezilta rapid

 

Sa se yon erè ki gen enpak sou kwayans ak motivasyon nan wout siksè.Si w ap atann rezilta rapid epi ou pa jwenn,li posib chak tan ki pase,ou vin pèdi konfyans nan tèt ou.Pa janm souzestime pouvwa pasyans lè pèsevere ap travay di nan direksyon objektif.Pasyans se vèti ki pral kenbew nan wout siksè a.

 

2.Wè echèk kòm yon siy pou kanpe nan wout

Li fasil echèk la,men li pa enposib pou leve
Poze tèt ou 3 kesyon sa yo

1.ki rezon echèk mwen an?
2.Poukisa mvle reyalize objetif sa?
3.Kisa yon lòt moun tap fè sil te nan plas mwen?

 

 

3.Preparew ak nenpòt bagay

Lè pouw reyalize yon objetif,fòk ou atann ak nenpòt bagay.
Swiv etap sa yo pouw ka gen yon plan B nan ka wap bezwen:
1.Rekonèt lè yon bagay pa nan plan.
2.Fè yon plan ki gen aksyon,pandan wap panse kijan pouw simonte si yon bagay mal pase?

4.Santiw fatige

Pouw ka rive nan objetif ou,fòw fè anpil sakrifis,konsa,wap kapab kreye nouvo abitid,nouvo lidè ak konpòtman pou gide w sou wout siksè a.Tout bagay sa yo pap rive jodi demen,se chak jou pouw travay pou yon objetif.

 

 

5.Distrè ak lòt panse
Pouw reyalize objetif ou,pa kite espas vid nan tèt ou,fè efò pouw bay tout sak andanw,pa bay eskis diw fatige,ou genlè pap rive anpil moun te gen pwojè a men yo pa rive fèl,pa bliye lè wap panse konsa fòk ou sonje tou chak moun espesyal nan jan pa yo.

6.Lèw pa vize sak posib

Pi bon fason pou ogmante chans pou reyalize objektif ak rèv ou,dwe toujou sonje kotew ye ak kote w prale

7.Vizualizasyon travay kote lespri a paka defini diferans ki genyen ant yon vizyon ak yon evènman ki reyèl.Sa ap ede sèvo a rekonèt ki resous li bezwen pouw rive nan objektif ou.

 

Pa bliye tout bagay depann de anvi ak dezi pou fè efò