Manje yon pòm chak jou

Antioksidan se sibstans natirèl nou jwenn li nan fwi ak legim fè,li monte defans nou kont estrès
Pami lòt benefis sa yo,nou ka mete aksan sou fonksyon li yo kise anti-kansè,amelyorasyon vizyèl,anti-enflamasyon li redwi risk maladi kardyovaskilè elatriye.

 

Manje nap manje yo ka diminye risk anpil maladi sa vle di kalite manje nou manje yo ka yon pwoteksyon pou vi nou kote nou ka evite maladi se poutèt sa nou dwe manje kap bon pou ko a pa manje san pap jwenn benefis ladan.

 

Òganizasyon Mondyal Lasante estime gen apeprè 1.7 milyon vi kite ka sove nan popilasyon an si yo manje fwi ak legim.Se poutèt sa yo rekomande pou moun manje 400 gram fwi ak legim chak jou pou yo ka diminye maladi kwonik tankou dyabèt,maladi kè,kansè ak obezite.

 

 

Hippocrates te di “Se pou medikaman sèvi tankou manje pou ou epi manje a tankou yon medikaman pou ou.”Se sak fè sa nap manje chak jou yo gen anpil enpòtans pou sante nou.

 

Nou jis bezwen poun fè yon bon chwa lèn pral chwazi manje.