Kisa w dwe konnen lè wap chwazi lekòl pou pitit ou?

Anpil moun ka panse pou chwazi yon lekòl pou yon timoun se yon desisyon senp,li pa fasil ditou verite a se poun mete timoun lan,nan yon kote lap santil byen,nou menm tou kòm paran ap anpè.
Nou konnen li pa fasil se poutèt sa nou vin ak kèk lis pouw ka evalye sitiyasyon an anvanw pran nenpòt desisyon

Sa se kèk kesyon ou pa dwe kite,fòw toujou ap poze yo:

ja

Konbyen timoun ki gen nan klas la?
Ki progranm lekòl la?fè yo ekplikew li
kòman timoun nan ap fè adaptel?
Ki kote yo manje?
Eske gen chanm pou timoun nan repose?
Kòman kominikasyon an ye?
Geb klas espò pou timoun yo?
Ki edikasyon relijye? sil Katolik oubyen Protestan

 

Chak grenn timoun se yon mond,yo tout diferan,li enpòtan pou nou pran sa an chaj depi lè yo piti konsa na gen bon jan lide lekòl poun mete yo,lè yo piti yo gen anpil kapasite pou anpran anpil bagay men siw pa chwazi yon bon lekòl kap edew se kòmsi li ka manke konn kèk aktive nan seri de bagay devan lòt timoun ki nan yon lekòl ki gen anpil aktivite,Lè nap pale de chwazi yon bon lekòl sa pa vle di se yon lekòl chè,paske lekòl la ka chè epi sistèm li pa bon.