kijan pouw koupe zong chen sa yo pa mòde w?

Si se premye fwa ou pral koupe zong chen an,nou konseye w fè sa ti kras pa ti kras,chak jou ou fè yon pye konsa li pap santi se yon dram pou li lap vin abitye pou lòt yo.

 

Zong chen yo ka limen pou kò yo natirèl chak pa yo fè chak jou,men sa pa sifi se poutèt sa nou dwe fè entevasyon pa pou,si nou pa koupe zong li,ka vin gen konplikasyon tankou:

 

Zong twò long
Pwent zong yo vire pa andan
Yo ka antre nan che l
yo ka enfekte
Li ka vin gen pwoblèm lè poul mache,lè l pran fom grif la,yap rive ate anvan pye chen an.Konplikasyon sa yo ka fè chen an gen malèz,epi sa ka rann li agresif.

 

fotolia_4314405_XS

 

Mete nan tèt ou koupe zong chen pa fasil,pou pwosesis sa wap bezwen,zizo oubyen tay zong espesyal pou chen,twal gaz,pou siw ta koupe kotew pat dwe koupe ou pa janm konnen male pa gen klakson,dlo oksijene nan ka si ta gen blesi.

 

Pouw koupe zong chen an,fok ou kenbe pat li byen di poul pa kouri ni blese,mete menw sou zòrye li oubyen kenbe l poul pa sove,nan pozisyon sa ou ka kòmanse ap koupe zong li youn pa youn ak anpil pasyans
Si bèt la ap bouje anpil,mete yon bò epi kenbe anba menm w,san anpil presyon konsa lap santil pwoteje pa ou menm,yon fwa ou koube zong yo fok ou pwofite limen yo,poul pa chire rido,kanape,rad elatriye pou rezon sa se yon lide limen zong li yo,ba yo yon fom won.

 

Chen w la a diw mèsi pou sèvis sa

paws-459713_960_720