Pran swen figi w pou evite pli

Gen anpil pwodwi natirèl ou ka itilize pou retire pli,fri,vejetal,lwil oliv,myèl,se bagay sa yo nou bezwen poun jwenn rezilta,men fòk nou konn kijan poun pran swen l tou,pou rezilta efò w fè a ka pi bon.
Chak jou ou dwe pran swen po w,evite pwodwia gresif,pase lwil ti bebe,krem idratan fè ti masaj sikilè pou sikilasyon san an ka byen fèt.Finalman seche l pandan wap bal ti tap ak yon ti sèvyèt.

 

Engredyan

1/2 zaboka
1/2 fig mi
1 kle ze
Kijan pou prepare l
Kraze zaboka nan yon bòl ak yon fouchèt
Mete fig mi an,kraze l byen ansanm ak zaboka
Bat kle ze a,apre mete l nan lòt melanj lan
Melanje tout jiskaske li epè

 

Aplikasyon

Netwaye figi w byen epi pase l,pa bliye bwè dlo,se yon bagay fondamental pou byen pou a,ou bezwen bwè 2 lit dlo chak jou pou selil yo ka fonksyone byen,manje yo dwe toujou gen fri ak vejetal ki plen vitamin ak mineral,espesyalman sak rich nan kolagen ak vitamin E

 

unnamed (63)

 

Mask kle ze ak siwo myèl
Ou ka fè yon mask kont pli pou lòt pati nan kò a,tankou kou,men,bat kle ze,apre sa mete siwo myèl oganik,mete 20,25 gout lwil zanmann,byen fè melanj la apre sa aplike l sou kò a nan nwit,kite l 20,25 minit apre renze l ak dlo tyèd.

Konpoze po zoranj ak kawòt
Yon lòt konpoze nan kay pou retire pli ak tach nan figi,bouyi yon tas dlo,yon fwa li kòmanse bouyi mete po 2 zoranj lan ladan,koupe l tou piti ak men w.

 

Kite l bouyi,apre lave yon kawòt san kale mete l ladan,kouvril kite l poul ka toujou rèt cho,apre koule l metel nan yon po vit byen sere l pou l pa degoute.

 

Aplike l sou figi a pwòp,kite l fè 10 jiska 15 minit,apre sa renze ak dlo frèt,ou ka fè konpoze sa 2,3 fwa nan semèn nan jiskaskew jwenn rezilta.