Kijan pou w aji lè pitit ou kòmanse gen mennaj?

Men kèk konsèy ki pral ede w konprann sa pi byen

Sonje kijan w te ye nan laj sa a:Eseye sonje ki jan w te ye nan adolesans ou,kisa w te konn fè ak di.Siw pa sonje,mande yon paran w,sitou zanmi w yo ap sonje tout bagay,bon manman w menm gen bagay sa yo grave nan tèt li.Anvan pou aji ak konn sa pou w fè.Li bon pou nou sonje sa,pou nou wè sa timoun yo ap viv.

 

Ou pa bezwen fè jalouzi:Nenpòt sa wap di ,gen yon ti jalouzi anba,lè timoun yo kòmanse damou ,yo pap tande sa wap di,lòt moun sa yo fenk rankontre a,okipe tèt ak kè yo,menm nan figi yo paka gade,ni yo pap rakonte w anyen,se yon bagay nòmal pou w santi yap vòlè pitit ou.

 

Jantil ak mennaj li a:Lè mennaj pitit ou vin nan kay la,se pa lè sa pou w ap joure ni bay move jan,ou pa janm konnen menm si yo jèn sa gendwa serye pou tout lavi,siw pa renmen moun li chwazi a,fè yon jan pou w chache konn kiyès li ye anvan nenpòt kritik,fèl santil byen lèl lakay ou pou pitit paw la pa ale lwen w,envite mennaj li nan kay la,konsa li pap bezwen sòti al chache l

 

Pale ak zanmi l yo:Ou pa santi w alèz ak mennaj pitit ou?ou deja konn sa,timoun nan pap vle pale sa ak ou,lap santi w atake l ,lè w pral komanse poze l kesyon,nan sans sa li tap pi bon pou w pale ak zanmi l,mande kijan yo wè yo,konsa li gendwa pa yon move moun

 

Pale ak li sou sèks:Jounen jodi a timoun yo sanble yo konn anpil bagay sou sèks ke jenerasyon nou an,menm si sa siw sispèk li pral antre nan sa oubyen gentan nan sa kè w ap sote,se yon bagay ki difisil pou paran yo pa pale ak timoun yo,pa gen swa,fòk ou fèl,dil fòk li toujou sèvi ak kapot konsa la evite ansent byen bonè.