Kijan pou konkeri ansyen menaj ou?

Pou rebati viw pi vit ke posib,nou gen yon solisyon pou ou nan atik sa,kote wap jwenn pi bon konsèy ak estrateji pouw ka retounen ak ansyen menaj ou.

 

Chak jou gen anpil moun ki retounen ak ansyen menaj yo menm si yo panse sa patap mache ankò,konsa tou gen moun ki pa janm retounen ak ansyen menaj yo men pifò ladan yo pa eseye oubyen pat janm gen lanmou youn pou lòt vre.

 

Kapasite ou genyen pou konkeri ansyen menaj ou a se yon bagay ki lojik.Siw konnen moun sa te renmenw anpil epi li toujou renmenw men sikonstans pat kiten ansanm oubyen yon vye diskisyon,pou paran,zanmi,yon travay se lè sa poun travay epi mete konsèy yo an pratik.

 

Pouw konkeri ansyen menaj ou gen kèk règ pou swiv ki senp anpil,genyen ou pa dwe fè konsa tou gen lòt fòk ou obeyi ak yo.

 

Pouw konkeri ansyen menaj ou ak siksè men sa pouw fè
Chache fèl gen plis kontak ak ou ke anvan
Ki enpresyonn ou ba li nan kèk bagay wap fè?anvan tout bagay chache wè defo kite kòz nou separe a,poul ka wè ou vin yon moun nouvo.

 

 

Poukisa li te kitew?anpil fwa pou sa wap di nou te kite a se pa vre,chache reflechi ak rezon separasyon an
Kijan ou fonkyone?

 

ki saw ka fè pou retire vye abitid sa ki nan ou a?se pouw chache vin yon lòt kalite moun ke ansyen menaj ou a pat janm espere de ou.

 

Kijan pouw atirel?fèw bèl chak jou,mete konesans nan tèt ou,bat pouw toujou abiye byen epi atiran,lèw pral yon kote ou konnen lap la,bat pouw toujou mete rad li pi te konn renmen ou mete a.

 

 

Ki jan dwe konpòtew lèw gen kontak(sms,imèl,telefòn,reyinyon) ak li?metew tankou yon moun ou fenk ap rekonèt,pa ale prese fè se kòmsi sete premye fwa,pa kouri ouvè kòw ba li.

 

 

Kisa pouw genyen(lapè,pwofesyon,zanmi,elatriye)
Pèsonalite(konfyans nan tèt ou,senpati,respè,elatriye)

 

Lèw fèt tout sa yo,se pa sèlman pou w ka retounen ap ansyen menaj ou men se yon chanjman total li va ye lakay ou,wap vin gen plis detèminasyon ak konfyans nan tout sa wap fè.