10 bon konsèy ki pral ede w viv ak kè kontan

Lavi a pa konplike,men se nou ki konplike a.Lè n sispann fè bagay mal pou fè byen bagay yo ap vin pi senp
Depi jodia kòmanse aplike konsèy sa yo kap edew viv miyò.

1.Sispann pase tan ak moun negatif
Pase tan ak bon moun entèlijan,ki ap pataje bagay positif chak jou ak ou pouw ka pwogrese,yon zanmi dwe ede se pa detwi.Antoure ak moun kap edew rive moun ou vle ye a,chwazi zanmi pouw pa wont ak li pi devan,lavi a twò kout pouw ap pase tan ak moun kap souse enèjiw.Lèw libere tèt ou ak moun negatif sa yo,wap santiw pi lib epi jwi laviw pi senp.

 

2.Sispann gaspiye tan ak lajan nan fè wè
Kòmanse konsantre sou bon jan kalite bagay,zanmi ak eksperyans.Bon jan kalite a vo pi plis pase nenpòt kantite.Moun ki rich vre a se sak pa bezwen anpil bagay pou kèl kontan,anpil moun ap gaspiye nan achte bagay yo pa bezwen jis pou yo ka enpresyone moun yo pa menm rekonèt.Pa panse ke richès mezire nan objè materyèl.Jere lajan w ak sajès pou se pa lajan ki jerew.

3.Sispann eseye chanje moun
Aprann aksepte apresye moun jan yo ye a,li difisil pou moun chanje moun,sa se pase twòp tan nan bagay ki pa enpòtan,ke pouw ap chache chanje moun bal api ou pito.

 

4.Sispann fè parese
Lavi a twò kout pouw ap viv anba prensib moun,aktive tèt ou,montre saw ka fè chak moun gen yon bagay yo bon,si yon bagay dwe fèt,li merite fèt byen ou pa dwe anban 100%.

 

5.Sispann fè sousi ak plenyen
Kòmanse konsantre nan bagay ou ka kontwole,itilize imajinasyon,se pa kreye pwoblèm menm ou menm pap ka reglel

6.Sispann bay lòt moun tò
Pran responsabilite w,sispann bay moun responsab pwòb pwoblèm ou,se plis mal wap fè tèt ou,chita gade kote erè a fèt epi kòmanse a zewo.

7.Sispann obsesyone ak bagay ki pase epi fiti
Pote plis atansyon ak jodia,demen pa pou w,ou pa konn sak ka pase nan yon minit,siw aktivew wap gen yon gran diferans ak lòt yo.Abitid sa a pral fè bèl mèvèy nan sante mantal ou,epi redwi nivo estrès.

8.Sispann espere tout bagay ap pafè
Panse ak tout bagay moun pa fè paske yap tan yon jou espesyal,siw se yon moun kap tann menm jan ak lòt moun sa yo nou deja diw,ou pap janm regle anyen jou ap pase sou ou,depi jodi a kòmanse ak saw gen pou fè a,depi se bon bagay pa gen tan ni lè pou yo fèt.

 

9.Sispann gaspiye enèji w ap konsantre kew pa vle pran echèk
Aprann rekonèt erè ou yo,si wap evite fè erè se tan wap pèdi epi vi a ap pi konplike pou ou,gen yon leson nan chak erè,sa wap aprann de erè sa se li ki pral fèw avanse pou pi devan

10.Sispann rayi
Lèw rayi yon moun,se tèt ou wap fè mal paske moun nan gendwa pa janm konnen siw rayil epi wap mouri ak estrès nan pase tan rayi,pafwa ou pa menm konn poukisa,siw vle swiv wout ou oubyen bliye yon moun se sispann rayi.