Ou pa dwe aji ak kòlè apre w fin separe ak mennaj ou

Menm siw ta gen anpil raj pou mennaj ou li tap pi bon pou w panse kenbe prestans ou anvanw aji

 

Pa anonse sa piblikman
Nou konnen ou gendwa bezwen dechaje w pou rakonte tout mal li fè w yo ak tout detaj ki fèw kite ak li,li tap pi bon siw resève detay sa yo pou fanmi ak zanmi entim,pa rakonte tout bagay ak yon moun ki mete zorèy li disponib pou l tande,ou ka rakonte saw pat menm vle di apre sa ou regrèt.

 

Pa pibliye sa sou Facebook
Menm siw ta vle defann pozisyon w,eklèsi rezon yo pou di kijan li pa yon bon gason ni pou yo ak nenpòt lòt moun nan,pouw ta di tout bagay ki pa bon li fèw,li tap pi bon pouw pa pibliye yo sou facebook,kòmante sa yo ka vire kont ou,gen moun ki pral plede li piblikasyon sa yo epi enteprete yo mal.Facebook se pa kote pou detwi repitasyon ansyen mennaj ou.Pa afiche anyen entim sou li

 

 

Pa aksepte zanmi ak li
Bay tèt ou valè fanm,pa kite okenn moun vin diw konsa nou ka zanmi,li enposib se pa kounye a,pa kite sa fèt lè pouw te zanmi ak li a pase yon mennaj se yon zanmi ki reprezante anpil bagay,si nou pa ansanm ankò se pou nou te ka lwen lòt,se poul pat enplike nan vi w anko,nou kite se pouw te ka pou kont ou,se pa pouw te gen yon moun la kap fèw sonje pase,se le pou w dil orevwa,pouw pa wèl ankò,pa kite l pwochew tankou yon zanmi,fiti a pale,men nan presan pa gen kote pou zanmi.

 

 

Pa prese al renmen ak yon lòt moun

Siw fenk kite ak yon moun,se pa moman pou ap sòti ak yon nouvo moun paske w toujou gen santiman pou ansyen mennaj ou,li okipe panse w,ke w pou nan moman sa,li pa jis pouw ak sòti ak yon moun nouvo,li pap bon ni pou li ni pou ou.Ou dwe bliye anvan w kòmanse yon nouvo relasyon.