Kijan pouw abiye pou yon dine fòmèl?

Pafwa li yon jan difisil pou nou jwenn”Look”oubyen kijan poun konbine rad yo poun ka parèt bèl,elegan,konfòtab epi poun ale ak okazyon an.

 

Jodia nap diw sa pouw mete pou yon dine fòmèl

Siw gen yon dine ak chèf travay ou oubyen zanmi travay ou,kote ki pral gen bagay serye ki pral pale,ou ka menm rive presante yon bagay,ou dwe senp epi bèl.

 

Kòsaj
Li ideyal pou yon evènman konsa oubyen nenpòt lòt dine fòmèl,Kòsaj se yon rad ki bon pou mete sitou nan stil de evènman sa yo,wap jis bezwen chwazi yon bèl kòsaj ak desen oubyen senp men ki byen represante ki gen kole,bouton,bat poul gen yon sèl koulè tankou blan,nwa,ble maren se koulè sa yo ki pi klasik.Sa depan tou de laj ou,ou ka pran yon lòt ti koulè pal.Pou moun kap chache stil nouvo yo ka mete yon chemiz manch long tou oubyen 3/4.

 

 

Jip kreyon
Gen anpil moun ki fasine pou stil jip sa yo,se yon bon opsyon lap ye pou metel nan dine sa yo,sitou lè yo metel ak kòsaj ki evase pa anba,chwazi mete youn ki kouvri jenou oubyen pi ba toujou epi yon koulè lis.
Vès

 

Bon sa yo la pou nenpòt okasyon an,youn ladan yo se dine pou biznis,ou ka mete
yon nwa oubyen ble maren oubyen yon lòt koulè ki ale ak rès rad ki sou ou a.

 

 

Rad nwa
Yon fi pa janm twò abiye ni manke abiye ak yon ti rad nwa nan sans sa nou vle diw yon ti rad nwa ap toujou byenveni pou yon dine konsa.

 

 

Soulye

Nou rive nan yon pati ki enpòtan anpil,pou jan de dine sa yo pa janm mete yon soulye oubyen sandal ki twò wo,pouw pa mal alèz,yon 1/2 talon nou panse sa sifi.

 

 

Makiyaj
Nou pap bliye makiyaj la,fè atansyon poun pa twò makiye,yon dine fòmèl pa bezwen anpil makiyaj yon ti bagay senp pou ajoute nan botew,anyen ankò.