Ki jan yo pran bon foto

Gwo kesyon an se.Sak pase ak flach la? ki relasyon li genyen ak foto a?.Reyalite,fondamantal nan fotografi a se konnen kijan pou wè flach la.

Pa gen anyen ki gen sans san flach la,stil fotogwaf la anpil fwa defini jan li kapte flach la,yo rekonèt li tankou yon ekleraj ki fè yon mak nan kote a.

Gen anpil moun ki konn santi yo mal koz yo yon kote yo paka fè foto swa pou limye kote a oubyen yo paka fè pou kont yo,men sa pa anyen.Nan atik sa wap jwenn kèk konsèy pou siw ta renmen fè foto tankou pwofesyonel.
Si w ap fè foto maten,midi,apremidi a.Asire w ou ak:zanmi,fanmi,timoun,kouzen,manman,bèlmè elatriye
Kle a se jwenn diresyon flach la

 

Pa janm tuye tèt ou nan fè foto tankou fotogwaf,paske ou pa yon foto fotogwaf,nou gen libete pou nou chwazi epi viv san konplikasyon,nou gen dwa pa pase nan istwa se pa sa nap chache,men nou jis bezwen bèl souvni,sa se kle pou anpil moun epi pase yon bon moman.

Tout bagay ap chanje siw konsantre w sou ti detay sa yo,le w sòti san kamera pwofite gade mòn,edifis,jaden,konsa wap kòmanse konprann kèk bagay sou iliminasyon.Konsa wap preparew lèw sòti ak kamera sou zepòl ou,wap wè sak te rale atansyon w lan byen klere,fasad prensipal la se nan solèy la,li pa janm nan lonbraj.Gen limyè sonb,gen lonbraj ki fò,tout bagay diferan lè wap gade.

 

Sekrè a se toujou mezire limyè a pou anpeche foto a boule,sa konn fèt pifò foto yo fèt nan lonbraj,men nou aprann obje presipal la dwe byen ilimine pase tout lòt bagay,sa pap yon pwoblèm.