Konsèy pou pran swen pye nou chak jou

Si se vre pye yo sipòte kò a ak pèmèt nou bouje chak tan nou vle ebyen nou dwe ba yo plis enpòtan
Toujou lave pye yo byen chak jou ak savon ki pa santi bon,piga dlo a plis ke 38 degre
Mete sandal ki fè w byen,kote ka mache ladan ke poul two piti pou w pito w two gwo
Koupe zong yo chak lè li merite,siw paka fè sa pou kont ou,cheke yon moun fèl pou ou

Zong yo dwe koupe kare,pa two kout
Fè egzèsis ak yo
Si w dyabetik,ou dwe pran plis prekosyon depi w we blese,tach,lesyon,enflamsyon ou dwe al lopital
Si w blese pran swen yo byen pou w ka evite enfeksyon
Domi ak pye yo yon tijan piwo ke jenou yo konsa wap aktive sikilasyon an

 

 

Kijan pou kalme doulè pye nan kay?

Bal yon ti masaj apre vide dlo frèt sou li,sa ap rann sikilasyon san an aktive,seche pye a byen sitou fant sotey yo,pase yon krèm idratan,mete poud nan fant sotèy yo.

 

Beny ak jenjanm,kwaje yon bon kantite jenjanm,mete l bouyi nan 2 lit dlo,lèl tyèd mete pye w ladan epi bal masaj sa a ap ede w aktive sikilasyon an.

 

Yon masaj ak lwil maskreti ap elimine iritasyon ak secheres

 

Siw mete nan dlo tyèd kèk gout lwil mant lap soulaje snat lan ak fèl fre
Keke egzèsis ou ka pwatike pou pye w ka abitye maje ak talon se:Mete yon ti boul nan dlo tyed epi mete pye w sou li woule l depi nan talon jiska nan pwent.

 

 

Kouche oubyen chita atè ak pye w detire epi pwent yo anle epi retounen nan premye pozisyon an
Chita sou yon chèz double dwèt yo jan w kapab,pran yon ti boul oubyen yon sevyèt eseye pran yo ak dwèt ou pandan yo atè a

Li tap bon siw mete ti konsèy sa yo anpratik konsa ou tap gen yon bèl pye asante