Kisa syantifik yo di sou koup kap viv byen?

Sa syantifik yo konnen nan kè kontan yon koup?Apre dè santèn vestigasyon ak etid syantifik yo fè yon konklizyon sou koup kap viv ak kè kontan.

Yo se:

1. Pale souvan
Yon koup ki marye pase pi piti 5 èdtan ap pale nan semèn nan,yo pa janm rete san yo pap kominike yo te mèt pa pre

2. Yo se yon ekip
Fè lwanj ak konpliman youn ak lòt
Montre apresyasyon youn ak lòt nan bay ti kado
Yo travay ansanm sou kèk travay nan kay la

 

Reviv souvni ansanm

3. Nan chanm lan
Yo chache tan entim:Yon koup antre nan relasyon seksyèl 2 a 4 fwa nan yon semèn.Plis sèks = plis kè kontan:Moun ki fè sèks chak de jou gen 55% an plis kè kontan.Si yon moun fè sa yon fwa nan semèn nan li gen plis tandans poul gen panse positif.Faktè ki detèmine si yon koup satisfè ak sèks,pasyon nan maryaj yo a 70%,se bon jan kalite amitye ki
egziste nan mitan yo.

 

4. Viktwa youn se pou lòt
Pou ranfòse relasyon an etid la montre yon bagay ki enpòtan ki se jan yo selebre bon nouvèl nan mitan yo

 

5. Yo pataje eksperyans ansanm
Koup la pataje eksperyans yo ansanm,yo santi yo plis renmen konsa,plis sipò ak plis satisfaksyon

 

 

6.Promene ansanm

Al manje nan restoran
Vizite peyi
Kwit manje ansanm
Ale nan konsè

 

7. Diskite pou rezoud pwoblèm,se pa pou atake

Anjeneral lè yon koup diskite yo:
kritike
meprize
Goumen
Agresyon
Minimize
Yon koup kap viv ak kè kontan diskite sou:
Yo montre lanmou ak respè
Bay youn lòt rezon
Chache solisyon
Gen anpil bagay ki bay ke kontan,sak enpòtan se jan youn aksepte lòt pou yo fè chemen an