Konsèy pou prepare salad pou dine ansante

Vejetal ak fwi se bagay nou paka manke nan asyet nou sitou salad vèt yo,nou toujou we gen anpil moun ki pa renmen salad sa yo,men se yo ki pi enpotan pou sante.

 

Resèt salad pou dine
Salad sa yo bon anpil pou pèdi pwa,se yon bon opsyon yo dwe toujou nan asyet ou sitou lannwit

 

1. Salad fèy ak tete kodenn
Pa gen anyen ki pi bon ke salad fèy nan yon nwit kote w anvi manje yon bagay ki pa lou anvan w domi,li ka nenpot fèy la tankou:leti,epina,kweson ak anpil lot anko,mete chodye w cho bal kodenn ou koule koupe l fen poul ka kwit vit,rache kèk tomat nan fèy la.

 

 

2. Salad legim frikase
Vejetal frikase yo bon pou manje yon salad cho,koupe berejenn,joumou, kawòt, bètrav, legim ak lot vejetal ou konnen ki ka ale
mete ti sèl,frikase yo jiskaske yo kwit li bon pou manje nan nwit.