Konnen ki kotew kanpe pouw ka kòmanse fè egzèsis

Gen de bagay wap bezwen konprann,premye a seke yon rèv ka vin reyalite men se sèlman siw konsantre nan saw vle ye a,si wap fè espò chak jou oubyen 3 fwa nan semèn nan se nòmal wap rive ak objetif ou,dezyèm nan se fè egzèsis yo ak anpil enèji epi pasyans paske tout bagay bezwen tan pap gen yon chanjman kap fèt jodi demen.

 

Woutin Prensipal
Tout bagay gen yon jan yo kòmanse,siw pa janm leve pwa lou,wap bezwen prepare misk ou pou antrènman pi serye,esansyèl la se fè yon woutin pou kò a chak jou pandan 12 semèn anvanw kòmanse ak woutin nan.Pouw ka kòmanse devlope misk yo,se yon woutin pouw fè 3 jou nan semèn nan kap travay prensipal misk yo.lèw pral kòmanse leve pwa lou,fòw fè 3 jiska 5 egzèsis diferan chak semèn.Kle egzèsis sa menm jan ak rès yo se pwogresyon,fòw fè anpil repetisyon chak fwa wap fè egzèsis sa yo,siw fè 14 pouchòp nan premye semèn nan,lòt fwa bat pouw fè 15 chak tan wap fè sa wap fè plis bagay toujou.

 

 

Woutin entèmedyè
Fè misk yo bouje plis toujou,la ou pral travay chak gwoup misk 3 fwa nan semèn nan.Lendi se pwatrin/trisèps/zepòl,Madi do,Mèkredi se travay pye yo,Jedi se pwatrin,zepòl,epi Vandredi se do,trisèps.Egzèsis sa yo bon pou moun ki rete kap fè yon sèl kalite mouvman chak jou,chanjman sa yo pral fè misk lan parèt yon lòt jan.

 

Woutin avanze
Fè egzèsis 6 fwa nan semèn nan se pi bon bagay ou te ka fè,pa pran anpil poz.Pwogram nan varye anpil se plis pou ka jwenn anpil solisyon.Egzèsis sa yo se pou ogmante misk yo,si sa posib sa ka fèt nan 10 semèn tout sa depan de chak moun,si wap pratike egzèsis sa yo fòw gen yon bon alimantasyon,ou paka ap leve fè epi ou pap manje byen,ou ka tebe jan moun yo konn di a,fòk ou bwè anpil likid epi manje 5 fwa nan jounen an evite manje twòp grès men manje bagay ki gen vitamin pou kò a.