konsèy pou vann yon kay

Kijanw pral fè pou kay sa ka vann pi vit?

 

 

1.Chwazi yon bon koutye:Si se yon koutye wap mete fè sa pouw,fòw gen konfyans nan li,chache konnen si se yon bon moun li ye,konbyen kay li vann deja,kote lap viv,fanmil.eske se dyòb sa li fè tout bon.

 

2.Bay yon pri fiks:Yon pri ki twòp pap rale atansyon moun kap achte yo jis reflechi byen pouw bay pri kay la merite vre a,gade zòn nan,lòt kay yo kòman yo ye epi konpare yo ak paw la pouw ka jwenn pri a.Jis bay yon pri ak konsyans ou.

 

 

3.Fè yon anons efikas:Mete nan jounal,sou entènèt,mete anpil foto pou moun yo ka wè,mete papye nan lari ak numero telefòn pou yo rele.

 

Netwayaj:Mèt kay la ta dwe netwaye mezi kwen nan kay la anvan li montre moun li,pou yo ka wèl pwòp

 

 

Onèt:Si kay la te gen yon pwoblèm ou te ranjel fòw pa pe di moun nan sa pou si sa ta repete ankò poul pa diw ou pat janm dil anyen de sa.

 

Pote siveyans sou koutye a:Pa kitel deside pou ou,toujou mandel konbyen moun ki rele nan jounen an pou vin wè kay la,pa kite kle a nan menml fòw toujou disponib lèl jwenn yon moun pouw al montre kay la avèl,lèw fin gen konfyans nan li wa kite fè tout bagay yo pou kòl.