Lèt lanmou pou mennaj ou

Si pat gen lanmou,relasyon an patap kap kanpe men fòn toujou ap sipote epi kore lanmou an bon move tan
Poukisa pafwa lanmou an pa parèt klè?paske toujou gen ti pwoblèm nan mitan moun ki renmen yo,moman ensekirite,paske pa gen anyen ki pi bèl lè wap montre janw enkyè pou moun ou renmen an,lè konsa wap mete emosyon w an valè.

Nou ekri yon lèt lanmou pouw kote tout gason ta renmen li l se pa sèlman chat nan telefòn eseye ekri lèt tou fè yon ti retounen nan tan ki pat gen telefòn sete lèt ki tap mennen,fèl yon sipriz ak lèt sa.

Lèt damou pou mennaj mwen!
Bonjou cheri,
Mwen ekriw nan lèt sa tout sam te anvi di sa fè lontan.Mte vle diw li men mpat ka fè sa anfas paske mpaka gadew nan zye,mwen distrè nan bouch ou,mwen vlope ak souri w epi mtou bliye diw li.

 

Mwen dwe fèl paske ou fèt pouw konn sa,ou dwe konnen janm kontan paske mwen avèw,kounyea mwen fè pati nan mond lan pou jan ou pa pran pwoblèm pou anyen,nou kache anpil bagay nan mitan nou,nan ou mkòmanse santi”sak pou toutan”apre tout bagay sa yo mtèlman kontan lèm nan bwa w.

Ou konn sa deja mwen pa pi bon moun ki konn ekprime santiman men mpral diw li nan sèl fason mka dil la.San lisans powetik,san metafò elatriye map diw li san kwit “mwen renmenw anpil” se konsa mka diw li ou se nèg vim mte ka ekril an majiskil paske mkwè sa ak tout mwen menm se sal ye.

Pou janmw bay vim koulè,pou enèji ou ban mwen,pou ri ou ri avèm,epi pou ti sekrè nou yo,pou tout bagay sa yo ou espesyal,mwen admirew paske ou gran epi jenere paske ou aprann mwen renmen,se pa sèlman lanmou mwen adorew

Pou toutan,cheri.