Kijan poum amelyore relasyon m ak manman m?

Relasyon ki genyen nan paran ak timoun yo epi zanmitay ki egziste nan yo a se yon bagay ki enpòtan.Se pa tout moun ki gen chans pou bati yon relasyon ak paranl oubyen gadel ak yon zye lanmou,men ti tan moun nan ap viv la fòw pwofite pou pi devan pouw pa regrèt,fè l tounen konplis ou.

 

konfyans nan tèt ou siyifi yon pèsepsyon emosyonèl yon moun gen nan li,pifò fwa yo pou relasyon lòt moun gen ak ou(si yon moun sosyete a rechte l se paske li pa gen konfyans nan tèt li)pèsepsyon lòt moun gen ak ou ak jan yo santi yo lè yo bo kotew.

 

Premye ane nan vi timoun nan,gen yon relasyon ki etabli ak li epi paran,plis gen entans emosyonèlman,fizikman
Pou amelyore relasyon w ak paranw fòw pa jije sa se yon konsèy pou paran ak tout timoun nan,tou de moun yo dwe konprann youn lòt,fòk yo konnen ke yo se jenerasyon diferan e sa ka fè chòk chak tan nan kay la paske se pa epòk paran e lap vle pou timoun nan fè sal te konn fè nan epòk li.Li enpòtan poun pa pè konfli yo epi respekte opinyon youn lòt.

 

 

Li enpòtan poun toujou louvri pòt kominikasyon.Pa kache anyen di tout san dwe di depi nan santiman ak panse.Pa panse moun nan abitye avèw pouw paka dil saw panse,menm si gen bon relasyon nan mitan nou men pa gen moun ki ka li panse lòt.Nou rekòmande nou pale ak senserite,klète,kidonk,tande konsa wa evite Malantandi.
Ou pa dwe kache santiman paske siw kite santiman sa yo kache relasyon an ka kraze,nenpòt ti pwoblèm ou kite ap grandi sanw pa pale sa ka vin fè gwo bagay.Ou dwe chwazi batay ak aprann padone,paske nan kenbe move santiman sa yo ap grandi chak tan ki pase.

 

Ou dwe reyalis pa rèt tan bagay enposib,pa panse manmanw pa ka fè efè li pafè,menm si lap fè efò poul fè tout bagay byen men nenpòt bagay ka pase.Aprann manmanw se yon moun nòmal le li twonpe,lèl rekonèt sa bonè li pi bon toujou.

 

 

Yon konsèy pou manman yo,fòk nou aksepte timoun yo jan yo ye a se pa pou sa ou vle yo rive ye.Espesyalman sispan rèt tan saw pat gentan fè pou pitit ou fè oubyen wap dil sa poul fè.
Lòt konsèy ankò pou relasyon an ka amelyore fòk youn respekte limit yo ak opinyon