Manje maten,manje midi ak soupe

Yon bon nitrisyon pou moun pèdi pwa,sa pa vle di moun nan bezwen sispan manje pouw ka gen yon bèl fòn se janl manje a.

Konsèy pou manje byen
Fè egzèsis twa fwa nan semèn nan pou pipiti,wap jwenn yon bon rezilta pou santew,enèji nan yon ti tan,anplis wap gen yon bèl kò.

Manje maten
kabòn
fwi fre,ji fwi fre san sik,sereyal(avwàn)ak pen ble.
Pwoteyin
Janbon kodenn,lèt light,fwomaj light,ze

fruits-896070_960_720

Manje midi
kabòn
Tout kalite legim frikase oubyen kri,pòmdetè,diri,ji natirèl
Pwoteyin
vyann blan,poul ak kodenn;wouj vyann ki pa gen anpil grès
Legim:pwa blan,nwa,wouj,bè elatriye
Grès:Lwil oliv

tuna-1957234_960_720

Goute
kabòn:Salad fwi,pen ble
Pwoteyin:Yogout light,janbon kodenn,fwomaj light

images (5)

Soupe
kabòn:tout kalite legim kwit oubyen kri,men wap chwazi youn ou fè chak jou ak fwi
Pwoteyin:fwi lanmè,vyann blan,poul ak kodenn,vyann wouj ki pa gen anpil grès
Grès:Pa janm kite lwil oliv nou dèyè
se preske men bagay yo ye ak manje midi a jis nap manje sak pi senp lan tankou pwason,yon ti fwi lanmè

Legumes

Konsèy enterè
Pigaw janm sote yon manje
Toujou mete salad nan manje midi ak soupe
Mete yon kiyè lwil oliv nan salad la
Manje nou pa wè nan lis sa nou pa dwe manje yo
Pran yon jou pouw manje saw renmen an
Evite bwè kola li te mèt light li tap pi bon siw bwè dlo
Si wal nan restoran toujou bat pouw manje yon manje natirèl