Remèd pou maladi damou

Souvan fraz sa yo pa long men yo ka rive fè yon efè nan lavi yon moun,byen rapid li ka kondwi nan yon despresyon grav jiska swisid,kisa nou ka fè kont maladi damou?.Pouw ka konpran maladi damou sa fòw chache konnen sak pouse moun nan di pawòl sa yo ki senp men yo pike.

 

 

“Maladi damou”se yon santiman depresyon nan sèvo nou sann pa bay repons,santiman kontantman nou boulvèse paske nou pa jwenn anyen nan moman ki pou fè ken kontan,anpil moun toujou vle anpeche maladi damoun ke pou yo asepte sak fèt la,sa ap pote plis konsekans ki pi grav.

 

Kisaw ka santi?
Sentòm sikosomatik(Maltèt, doulè nan vant)
Ou pa vle rete kote ki gen moun
Pwoblèm nan travay,lekòl
Enkapasite pou fè fas ak lavi a chak jou
Depresyon,elatriye
Pwoblèm sa yo ap rive fè sa pi grav chak jou ki pase,jiskaske moun nan jwenn yon solisyon,se yon bagay ki difisil pou geri sitou siw te renmen moun nan,solisyon an se aseptasyon pa gen lòt remèd.

 

Ou paka goumen ak maladi damou ni lite ak li,menm si nou tris fòk nou lite poun avanse sin rete ladan se fini lap fini ak nou,pa panse siw retounen ak menaj ou ka gen yon soulajman nan doulè sa paske se li menm ki dil pa vlew ankò.
Gason pa soufri maladi damou menm jan ak fi,gason an gen travay,zanmil,jwèt li poul pran plezi epi tou swit li ka tonbe nan relasyon ak yon lòt moun menm sil pa renmenl jis se fason pal poul jere sak fèt la.Men fi a menm se kouche kriye pale ak zanmi de bagay la chak jou,li pa anvi fè okenn aktivite,lap panse chache solisyon pou sak pase a epi li difisil poul kouri renmen.