8 konsèy seksyèl pouw yon fanm brav

Li lè pouw se yon fi ki brav lèw ak mennaj ou,pouw ka fini ak menm abitid la chak jou pouw ka travèse kèk fontyè lè wap fè sèks.

Nou vin ak kèk konsèy pouw

1.Bliye fatig ak estrès
Pi move lènmi sèks se estrès,responsablite,manke dòmi ak fatig.Medam yo soufri tout pwoblèm sa yo trè souvan.Pa bliye fè sèks se youn nan pi bon plezi natirèl ki genyen,siw pase tout tanw ap strese nan travay la poukisa apre sa ou pa pran yon ti tan pouw rilask,ou pa dwe kite viw tankou yon robo sèlman travay ak dòmi.

 

2.Pran inisyativ pou fè sèks
Montre ou anvi se pi gwo bagay ou te ka fè pou patnèw epi se yon jan tou pouw ka eksite l,toujou bal sipwiz,ranfòse aksyon nan moman pou fè sèks la,aji tankou yon moun fou lè wap metel sou sa.

 

3.Fè lanmou pi souvan
Ou sonje lontan ou te konn fè lanmou nan kizin,nan machin,nan twalèt poukisa kounyea wap retire tout ti abitid sa yo se ak plis bagay pou vini toujou.Reprann lespri seksyèl ou fè kòmsi ou te jèn,se pa yon peche siw di patnèw ou vle plis toujou.

 

 

4.Satisfè dezi seksyèl patnè ou
Gen yon bagay li te mande pouw fè pou li ou pat janm vle fèl se nan ti tan nou ansanm nan pouw pwofite pou lè moun nan mouri pouw pa regrèt anyen tankou li te ka mandew fè felasyon pou li men ou pat janm dakò men ou toujou renmen lèl fè pou ou se moman pouw bal sipriz sa,pa kitew wont eseye fè sa san gad deye.

5.Konfese imajinasyon seksyèl ou
Fè yon ti sedwi moun nan anvanw antre nan relasyon entim avèl,li te mèt se yon ti danse ou fè,oubyen dil ti pawòl swa.

 

6.Fèw yon fi kap panse ak sèks depi se pou patnèw
Lèw panse konsa,sa ap fèw vin plis sousa oubyen bezwen fè plis chak jou,li bon pouw sonje kèk bèl moman ou te pase ak moun sa.

 

7.Pa janm fè lanmou menm fason an
Chache enfòmasyon sou sèks,gade videyo pouw ka wè ki nouvo posizyon ki genyen,lèw fè menm bagay la chak jou li pa bay anvi,fòk toujou gen sipwiz nan kay la.

 

8.Planifye vakans
òganize yon ti voyaj li te mèt an pwovens nou de a sèlman,premye objetif voyaj la pou ou dwe sèks,dezyèm menm bagay la jiska twazyèm objetif la,chwazi yon bon otèl kote pa gen moun kap nwi nou pa ale ak timoun ni òdinatè poun pa distrè ak anyen jis pase tan w byen trankil ak moun ou renmen an.