Ou ka megri ak fèy womaren

kantite benefis ak pwopriyete fèy womaren genyen an anpil.Men jodia nou vle pale w sèlman benefis li genyen pou pèdi pwa.

Gen de fason ou ka sèvi ak womaren pouw pèdi pwa
Premye a se ke li ede anpeche enkyetid ak kè sote. Sa a pral anpechew manje plis pase ou pa ta dwe,oswa manje sak kap fèw gwo.

Dezyèm fason an li pral edew goumen ak varis.Ou ka pran l twa fwa nan jounen,se yon te ki ede pèdi pwa natirèlman.Siw pa renmen bwèl ou ka itiize l nan manje wap fè tankou:vyann bèf,poul,kochon,kabrit elatriye.

cutting-board-2154435_960_720

Kijan pouw prepare te sa?
Pouw jwenn tout benefis ak pwopriyete li yo men kijan pouw prepare te womaren an

1.Mete yon kiyè fèy womaren sèk nan yon tas dlo bouyi
2.Kitel repoze pandan 10 minit
3.Apre sa koulel nan paswa pou retire ma
4.Mete sik oubyen myèl pou dous li,janw santiw ka pranl lan,pa bliye myèl la gen anpil lòt pwopriyete ankò
Tout bagay fini,ou gen yon tas te womaren ak anpil pwopriyete epi benefik pou kò ak sèvo a
Nou espere ou jwi te sa!