Terapi Dlo:benefis pou bwè dlo ak yon lestomak vid

Japonè yo ap swiv yon terapi dlo kote Asosyasyon Medikal nan peyi Japon apwouve.terapi sa konbat maladi grav,modèn ak maladi vyeyisman.

Sosyete Japonè medikal la di terapi dlo a efikas pou konbat ak pou anpeche maladi sa yo / sentòm yo:

Maltèt ak kò fè mal
Sistèm Kadyak
Batman kè rapid
Epilepsi,anpil grès,bwonchit,opresyon
Tibèkiloz,menenjit,maladi nan ren yo ak aparèy irin
Vomisman,doulè,dyare,emoroid
Dyabèt,konstipasyon
Tout maladi nan je yo,matris
Kansè
Maladi règ
Maladi nan nen zòrèy ak gòj

 

 

Terapi sa bon anpil paske lap fè yon moun bwe anpil likid,gen moun ki pa janm bwe dlo nan fiti li ka vin gen gwo pwoblem,bwè dlo se yyon bagay ki fasil,siw pa abitye bwe anpil wap kòmanse pa bwè pa yon vè jiskaskew rive bwè kantite ou dwe pran nan jounen an,pa gen okenn efè negatif apa de sentòm dezentoksikasyon ou ka santi lè kò a kòmanse elimine toksin.

Terapi dlo
Lè w leve bwè 650 dlo,anvan tout bagay nan maten,Dousman,san prese
Kounye a,ou ka bwose epi netwaye bouch ou,men pa manje anyen,pandan 45 minit

Apre 45 minit,ou ka manje,bwè jan w konn fè
Pa bwè ni manje anyen pandan de zè tan apre manje maten,midi oswa dine
Si w pa ka bwè kat vè nan kòmansman an,kòmanse ak mwens epi ale piti piti
Dlo a pa dwe klase li sipoze cho oubyen tyèd