Fè atansyon ak solèy la

Anpil fwa moun nan konn pran twòp solèy epi li boule,men li pa janm konnen si sa ka kòz gwo konsekans,menm si ras nwa paka gen kansè sou po,men li ka fè lòt maladi tou,kanmen se moun nou ye,solèy la ka irite po a epi fèl vin pi nwa.

Nou tout renmen solèy ak tout bagay li vini yo:bon tan,kè kontan,epòk vakans,li fè plaj la parèt pi bèl toujou
Lè tan sonb,gen moun ki panse yo pap boule,gen yon bagay seke menm si tan sonb gen radyasyon iltravyolè,ki pase ladan ak tout ou pa wè solèy,tanperati a ba nou pa gen sansansyon nap boule,toujou sonje menm si jou a sonb pa bliye pase krèm solèy.Nwaj yo pa inifòm,radyasyon kap filtre yo ka fè menm efè ak lè gen solèy.

 

Dlo ka pèmèt nou boule
Lè nap benyen nan lanmè,rivyè,pisin radyasyon iltravyolè antre nan dlo a,menm jan li antre nan po nou,dlo a potansyalize l plis,enpòtans lan se sèvi ak yon krèm ki solid nan dlo.

krèm nan gen tan pwoteksyon l,pa pansew pase krèm sou ou pou tout jounen an,fòk ou toujou ap pasel chak tanw santi kò a merite,paske dlo a ap fini pa retire krèm nan sou ou,bat pou toujou aplike krèm nan chak de zèd tan

 

Sèvi ak krèm solèy apwopriye
Sèvi ak krèm pwoteksyon kont solèy ki pi wo,gen plizyè nivo krèm pwoteksyon kont solèy,anvan tout bagay ou dwe konnen egzakteman kalite pow epi konnen ki krèm li ka tolere,epi konbyen tanw pral fè nan solèy.
Toujou konsantre nan zòn ki pi delika nan kò a,tankou figi,kou ak zepòl.