Pwopriyete ak benefis sitwon

Itilizasyon sitwon

1.Li bon pou retite tach nan figi,yo itilizel tou pou bay manje gou epi retire vye sant nan vyann,epi li redwi pò ki ouvè.

2.Sitwon se yon eklesisan natirèl,cheve ki gen koulè pal yo,li ka fè yo vin blond,ni pou visaj tou moun ki gen tach nan visaj yo.

3.Sitwon pou soulaje rim sèvo,pou lasante sitwon se yon remèd popilè pou soulaje grip ak doulè nan gòj,mete ji sitwon an chofe apre sa mete myèl ladan pandanl poko fin frèt gagari yon ti gras,apre bwe rès la.

4.Sitwon pou soulaje migrèn,mete po yon sitwon mi sou fwon w,lèl kòmanse pikew retirel epi doulè a ap tou ale,pou yon migrèn ki fò anpil yo rekòmande pou moun nan chofe dlo sitwon epi tranpe pye yo ladan.

lemon-1313642_960_720

5.Dezentoksike òganis lan ak sitwon,chak maten pandan 2 semèn dlo sitwon bon pou bwè san anvan moun nan manje nenpot bagay la,li pa kite grès akimile nan oganis lan epi netwayel.

6.Sitwon pou jansiv kap senyen,lè wap bwose siw wè jansiv ou ap senyen eseye remèd sa,kale sitwon an,epi fwote pati blan nan jansiv la jiskaskel fin senyen lè w wap bwose.

water, lemon

Lòt benefis sitwon ankò se:

Li bon anpil pou moun dyabetik paske ede sik la rèt byen ba
Li gen pwopriyete ki goumen ak anemi
Pou moun ki gen tansyon wo ki pa ka manje sèl,sitwon se yon bon ranplasan
Pou rekipeke yon moun ki fatige anpil
Mezanmi bagay yo la,se jis nou pa konn sa yo vo,men plen remèd natirèl ke nap pase tan nan bwè grenn,pran bagay natirèl yo pito.