Endikasyon ki pral di w se paw la

Yon moun ka marye pou plizye rezon,swa pou benefis,sosyete,lanmou elatriye.Nou ka pale de tèm sa deja ki fèw pè pouw bay pa ki enpòtan,sa pa vle diw pa renmen moun nan,men siw pral pataje viw ak yon moun,ou asirew ke se moun sa li ye.

Evalye pwen sa yo epi gade pouw wè si se moun sa ou vle pase viw avèl

1.Li respekte manmanl ak lòt fi ki nan fanmil?.Yon moun ki gen anpil respekte pou fi sitou tigranmoun,sa se yon bon gason.

2.Li pa janm panse ni site non ansyen menaj li,pafwa yon moun ki ak yon lòt e li konnen li te renmen ak yon lòt moun deja,li toujou ap pouze tèt li kesyon,eske li pap retounen ak moun sa ankò.

 

3.Wap panse gen pitit ak li,pandan wal mache ak li ou wè yon ti bebe epi li di se konsa nou pral ye tale konsa,la ou sou yon bon chemen.

4.Swiv viw natirèl,paske relasyon w gen ak mennaj ou pa dwe afekte vi pesonèl ou tankou:fanmi,zanmi,travay,depi se bagay positif lap pale de bagay sa yo se byen,men si se negatif ou sou yon vye chemen ak moun sa.

5.Lajan yo jere byen,nou tout nan adolesans nou te viv yon lanmou,men eskis si nou ap diw sa aspe ekonomik fondamantal nan yon relasyon anplis si wap panse marye,fò moun nan pa wew tankou manmanl ni sevant li,fòl ede ak bil yo,menm sil pa bezwen peye tout,men fòk gen volonte,fòk moun nan pa kitew mouri ak depans pou kont ou.