Kenbe zong akrilik nou yo pwòp

Menm jan nou konsidere zong natirèl nou yo se konsa poun fè pou zong akrilik yo tou,nou fè anpil bagay ak zong akrilik la chak jou nou leve,men fòn fè anpil atansyon ak yo,pa manje yo kòmsi sete pwòp zong natirèl nou.

 

Konsèy pou zong akrilik

Fo zong ka pwovoke bakteri,pou evite sa fòw ale nan yon salon chak 15 jou nan sans sa yap netwaye yo pou ou epi yap bay yon kontwòl ijèn pou bakteri a pa parèt nan zong natirèl ou.Imajinew chak jou wap fè manje,lave,penyen,fè travay anpil bagay al kache anba zong sa yo,fòw toujou fè efò pouw ale netwaye yo,pouw pa pèdi zong paw,nan yon tan ou pap anvi mete zong sa yo ankò.

 

Zong akrilik yo ka dire anpil tan,lèw fè tout sa yo diw yo men li bon tou lèw bay zong natirèl ou pran yon ti souf,poutèt sa depi jou a rive pou retire yo pa panse,fè sa vit.

 

 

Konsèy sa yo se pou moun ki gen zong frajil oubyen ki alèji ak nenpòt bagay la,nou plis itilize zong sa yo pou yo ka pwoteje nou san nou pa ran nou kont ke yo ka pwodwi lòt bagay ki pi grav toujou sin pa pran swen yo.

 

Pwodwi yo itilize pou zong yo tankou asetòn,lim,li fè zong lan vin pi frajil toujou,nan ka sa nou dwe konnen lè nou pral mete yon fo zong fòn netwaye zong nou yon mwa anvan sa,se pa menm jou a pouw mete tout kalite bagay.

 

 

sa ap ede zong natirèl yo gentan pran yon ti souf,geri ak tretman yo mete sou yo a,yap pouse ansante epi idratan,se pa menm jou wap met fo zong la pouw fè maniki a.

 

Nou espere ou se yon moun ki kon pran swen zong akrilik ou yo,ak sa nou diw jodia nou panse wap pwoteje yo plis toujou pou bakteri pa rive afekte zong natirèl paw yo.