10 Benefis leti

Leti se yon vejetal anpil moun pa renmen sitou se li yo premye rekòmande nan moman rejim,koun kòmanse manje l nou vin ap rayi l gen moun ki pa menm pèdi tan manje l.

Si w wè sa,siw se yon moun ki pa renmen l oubyen abitye manje, ou pral fè efò a pou benefis li gen ladan kap ede kò a anpil,lè yon moun kòmanse manje leti depi piti se yon abitid pou lasante,poukisa?nou pral baw rezon yo pi ba
Li kalme doulè,sitou lè se doulè nan misk

 

Soulaje fatig ak anemi paske li rich nan fè
Fè moun pa vyeyi vit gras ak kantite antioksidan li pote pou òganis lan
Ede konbat sentòm grip,rim sèvo

Benefik pou moun ki gen pwoblèm dòmi ak enkyetid
Diminye kolestewòl

Ideyal pou dyabetik,li ede kontwole nivo sik nan san
an.
Elimine likid ki pa bon nan kò a,ak pyè nan ren
Favorize transpò entesten,evite enflamasyon nan vant
Leti rich nan beta karotèn,pèktin,fib,laktozin ak yon gran varyete vitamin tankou,A,E,C,B1,B2 ak B3.Li gen kalsyòm,mayezyòm,potasyòm ak sodyòm.

Janw we a pa gen anyen ki pi bon pouw manje sitou nan lannwit,ke yon bon salad leti,konsa wa evite manje grès lannwit.

salad-456542_960_720