7 abitid ou dwe adopte lè w gen 30 lane

Se moman pou selebre reyalizasyon w pandan wap travay pou reyalize lòt objetif.Kòmanse fè yo epi abitye ak bon abitid sa yo

Dòmi plis
Ou ka panse w pa bezwen dòmi,men kò w bezwen sa,lè w gen 30 lane dòmi se yon souf pou sevò a,domi 8 èdtan pou yon bèl po ak yon atitid pozitif pou leve nan kabann.

Fè egzèsis
Se lè pou w sispan manje anpil,plis fè egzèsis,chache antre nan yon jim oubyen al kouri chak tan w kapab,ou pral jwenn enspirasyon

 

Kòmanse kwit manje
Li pi fasil pou w wè moun kap fè manje pou ou oubyen achte,kwit pwòp manje w,se yon bagay ki pwouve w se yon fanm tout bon vre,sanble ti lajan tou,paske lè w marye se pa moun pouw kite ap plede fè manje pou mari w.

Kreye yon fon ijan
kèlkeswa karyè pwofesyonèl ou,ou dwe gen yon fon ijans nan ka yon bagay inatandi ta pase.Nan fason sa a,lè gen ijans rive tankou pwoblèm sante oubyen reparasyon nan kay,ou ka fè l san w pa rele paran w pou ede w.
Kenbe yon gid pou w pran swe pou w

Ou pase twòp tan ap dòmi san lave figi w,wap dòmi ak makiyaj se pa sèl aswe pouw pran swe figi w,swiv yon woutin nan lajounen tou

Etabli objektif ki an sante
Pran tan pou etabli bon objetif kap kenbe w sou wout la pandan nivo estrès ap diminye,dirèk nan sa wap ekri yo

 

Pran yon tan pou rilaks
Menm nan jou w pi okipe a fòk ou pran yon tan pou w rilaks,kalme nè yo,wap santi w mye,wap gen plis pèfòmans nan travay ou