Kijan pou w pran swen po w,pou evite varis pandan gwosès?

Nou ka di chak moun gen po diferan,men gen faktè ereditè ki ka lakòz yo parèt.Pou moun ki vle evite varis pandan gwosès gen bagay ou dwe swiv depi lèw konnen w ansent lan ak apre kèk mwa akouchman,se yon peryòd anpil fi pase.

Pwa
Twòp pwa pa bon pou manman ak timoun nan kote gen risk pou po a detire twòp sa ka pwodwi yon ripti nan dèmis lan,Lè yon moun gwosi rapid apre akouchman li pèdi pwa sa epi varis yo vin parèt,gen lesyon nan po a pi pa vle sòti.

Po idrate
Pou yon moun kenbe poul idrate,li dwe bwè anpil dlo,manje anpil manje ki rich nan vitamin ak mineral,menm janw tap pase krèm apre akouchman se konsa pouw bwè dlo.

 

Alimantasyon
Asid gra esansyèl ki gen nan vejetal,pwason,lwil vejetal fè kò a elastik epi favorize kolajen,fwi ki rich nan vitamin C epesyalman kiwi ki rejenere tisi konjonktif ak gerizon.

Krèm kont varis
Nap bezwen yon krèm idratan,pou restore po a,nan tout sa nap achte yo bat poul gen jojoba,vitamin E,fòk li gen efè reparatè