Ji pòm pou dyare

Dapre espesyalis sentòm dyare yo se: poupou dlo, gwo doulè nan vant, enflamasyon, san kontwòl pou ale nan twalèt,lafyèv, kè plen, e menm san nan poupou a.Si w vle goumen ak li,eseye ji sa a,prensipal engredyan l se pòm.
Fri sa gen fib pou aktive dijesyon,ede kò a fè fas ak enfeksyon epi frennen dyare a natirèl

 

Engredyan
4 pòm wouj
1 bout kanèl
1 lit dlo
2 kiyè sik wouj

glass-of-cider

Preparasyon

Mete dlo a bouyi ak pòm yo rache epi kanèl la,lè pòm nan mou,etèn dife a epi retire kanèl la,lèl fin frèt blende pòm nan ak dlo a,bwè yon tas nan maten,youn lannwit.

 

Nou espere remèd sa itil ou